Depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la, gen yon pakèt moun nan peyi Dayiti ak nan lòt peyi ki pa gen nouvèl fanmi yo.
Sit entènèt ''Family Links'' la pou fè moun ki separe oubyen ki pa gen kontak ak fanmi yo akòz tranblemanntè a rive rekonekte youn ak lòt.
Se CICR sèlman ki jere sit sa nan tèt kole ak Kwa Wouj Ayisyèn ak tout Sosyete Nasyonal Kwa Wouj ak Kwasan Wouj ki sou latè.
Sit entènèt sa pèmèt ak tout moun ki rive viv aprè tranblemanntè a pibye non yo, adrès yo ak tout nimewo moun ka jwenn yo.Sit sa tou bay posibilite a tout moun kit li an Ayiti kit li nan peyi etranje piblye non moun ki nan fanmi yo yo bezwen jwenn.
Les enregistrements sur le website Family Links website pour Haïti ont été stoppés. Si vous désirez signaler que un membre de famille a disparu durant le séisme et que vous résidez en Haïti, merci de contacter directement le Comité Internationl de la Croix-Rouge en Haïti à l'adresse suivante:
ICRC Delegation
1, Impasse Brave
Rue Mercier Laham
Delmas 60
MUSSEAU
Haïti
Phones
00509 281 308 24
00509 281 308 25
00509 251 049 09
00509 251 049 76
Si vous résidez à l'extérieur de Haïti, veuillez contacter la Société de Croix-Rouge ou de Croissant-Rouge de votre pays de résidence.
Denye nouvèl jiska 31.03.2010
Depi le 19 janvye:
5,023 apèl nan telefòn fèt depi nan peyi Dayiti
Nou anregistre 6,562 moun ki rive vive, nou mete non moun sa yo sou sit entènèt "Family Links"
Nou anregistre 29,378 ki disparète selon sa pwòch yo di nou nou mete non moun sa yo sou sit "Family Links"
"Mezanmi koute ! Men yon mesaj enpòtan Komite Entènasyonal Lakwa Wouj !" MP3 download, 1.1 Mb, durée 1 min 06 sec - Audio en kreyol
Enpòtan
Sèvis sa gratis.
Nap diw pou fè anpil atansyon paske gen yon latriye mesaj koken yap voye sou entènèt ki konsène moun yap chèche an Ayiti.
Si gen moun ou pa konnen ki mande w lajan pou chèche moun pou ou.Pa neglije kontakte nou nan adrès email sa :
CICR pa kapab verifye enfòmasyon ke nenpòt moun ta piblye sou sit. Yo pa responsab enfòmasyon sou sit la ki pa kòrèk.
Enfòmasyon ki sou sit entènèt sa pa konfidansyèl sa vle di nenpòt moun sou tè a ka wèl. Mèsi paske ou pa piblye enfòmasyon sou ou ak sou moun wap chèche ki kapab lage swa ou menm swa moun wap chèche a nan traka.
CICR pa ka responsab pwoblèm oubyen traka ki ta vini akòz enfòmasyon ou ta piblye sou sit sa.